Русские видео

Сейчас в тренде

Иностранные видео


Скачать с ютуб JOUNAL KREYÒL Premye Okazyon 18 Juin 2024 в хорошем качестве

JOUNAL KREYÒL Premye Okazyon 18 Juin 2024 Трансляция закончилась 13 дней назад


Если кнопки скачивания не загрузились НАЖМИТЕ ЗДЕСЬ или обновите страницу
Если возникают проблемы со скачиванием, пожалуйста напишите в поддержку по адресу внизу страницы.
Спасибо за использование сервиса savevideohd.ru



JOUNAL KREYÒL Premye Okazyon 18 Juin 2024

1.- Raynaldo Pierre, Raynolson Pierre, Wildoff Pierre ak Jamesia Marcelin se non 4 sitwayen sa yo , manm yon sel fanmi ki mouri asasinen nan komin delma, depatman lwes peyi a . Se radio Kiskeya ki rapote nouvel la kote 3 fre ak yon kouzin mouri asasinen ,lannwit dimanch 16 pou louvri aye lendi a ,nan delma 33. Se endividi abiye ak inifom lapolis kita komet zak sa ,dapre temwayaj yo. 2.-Lapolis konfime arestasyon Komandan Julio ,ainsi connu, youn nan prezime chef gang lokalite timonette,5em seksyon kominal senmak ,dimanch pase a. Endividi sa ki espesyalize li nan detounman kamyon machandiz, krim ak vole bet peyizan yo opera sou plizye komin tankou lyankou,veret, grand salin ak senmak ,dapre otorite lapolis yo . 3.-Enstalasyon ayè lendi a,madam Ketleen Florestal kòm nouvo minis ekonomi ak finans men tou minis planifikasyon ak kouperasyon ekstèn. Nan diskou pou sikonstans lan, Mme Ketleen Florestal fè konnen ministè li pral dirije yo se 2 ministè ki jwe yon gwo wòl kle nan relans ekonomi peyi a ak kreyasyon travay. Ansyen fonksyonè FMI an dil konsyan tach yo pap fasil men pwomèt pou l travay pou l rive atenn objektif yo. Men pou sa fèt, li konte sou kolaborasyon tout kad nan ministè ekonomi ak finans. 4.-Sou bò pal, premye minis Garry Conille kite preside seremoni enstalasyon yo salye travay Michel Patrick Boisvert nan tèt ministè ekonomi ak finans pandan plis pase 4 lane. Ak rive Madam Ketleen Florestal, chef gouvènman kwè travay yo pral rapousuiv. Li prezante nouvo minis lan kò m yon moun ki boure ak eksperyans, yon seri eksperyans ki selon PM Garry Conille ap pèmèt Mme Florestal fè fas ak gwo defi kap tann li nan tèt ministè sila yo . 5.-Direksyon jeneral ofis idantifikasyon nasyonal (ONI) demanti pawol kap pale kom kwa biwo li yo ta ap reklame lajan pou livre sitwayen yo kat idantifikasyon nasyonal la ,kise yon sevis gratis . Pou demaske rezo fose ak rakete ki vle fe komes ak kat idantifikasyon nasyonal la , direksyon jeneral enstitisyon an envite popilasyon an pou siyale bay otorite yo tout ka kote gen endividi kap egzije yo peye lajan pou jwenn kat idantifikasyon nasyonal la Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4 Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ kowòdinasyon : Peterson LUXAMA Redaksyon : Dieuseul GUERRIER Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

Comments